M SONJE KAFOUFÈY
M sonje Kafoufèy. Byen petèt m sonje lavi m te gen ladan l lan. Oubyen moun m te ye lè m t ap viv la a. Men moun m vin ye a pa gen twòp kichòy li pataje ak moun avan an. Pa menm frekatasyon yo. Pa menm entim yo. Menm fanmi an fè plizyè bout. Yon gwo tou fouye ant de moun yo, san m pa rann kont. Kiyès nan yo ki mwen tout bon ?
Kafoufèy se te lapè. Yon repozwa. Pami bagay ki pi sakre yon moun te ka pwoche. Yon zòn konfò ou p ap kite si yo pa fòse w. Se la lanmou, sila moun ki pote l nan trip yo, pran rasin : l aprann ou renmen ven mil fason. Reziste pi plis toujou. W aprann lavi sou de ti chèz. Li te toujou fasine moun nan doub fas li genyen pou l dous epi pike.
Petèt on gout dlo je ka di plis, mo yo souvan pa gen pouvwa tradwi tout sa n santi vre.
Epi, lemond ka aleje kè l jan l pito, poko janm gen moun ki swete koupe fache ak sa k bon pou li. E si tout fwa sa rive, nanpwen moun ki viv li byen. Li toujou kite moso dèyè, lè l pa kite tout li menm.
Ki rezon m gen pou m ap chèche yon pati nan istwa m ki kouri kite m ? Pouki pou m kontinye fè flann dèyè yon mwen ki kwochte nan yon branch bwa mouri ?
.– Jephte Estiverne



Commentaires
Publier un commentaire