KILTIVA-KÈ

 



Toujou genyen kichòy anba branch legzistans pou powèt ranmase. 

Kèk souri ki fin joni, oubyen kèk pèn tou vèt. 

Lavi fè don sa l vle. 

Toujou gen yon lanmou yon kote, oubyen yon desepsyon. 

Toujou gen yon vètij k ap tann pou l rantre nan yon powèm.

Kisa n ka di lè men nou vid - nou menm ras moun sèt fwa beni - lè jaden n pa ofri n anyen ?

Powèt,

Pa gen kè ki pa rann !

Kiltivatè sa k sot nan nanm,

Rekòt pa nou pa gen sezon.


Otè, Carl Henry Burrin

Commentaires

Messages les plus consultés