DOUVAN PÒT KATEDRAL




 Nan peyi m

se nan tas kafe 

solèy leve

se sou lanmè m aprann

gade pwezi nan je

se la menm 

jwenn mo



Lè vag chire pye sab

Lè wòch galèt reklame 

kri kè m

lè lanati fè kolizyon 

ak souri m


Sèjousi

zetwal file san mi

twòp vil dòmi channmas 

twòp priyè kouvri douvan pòt Katedral


@ Tout dwa rezève

Jennifer Eugène 

Jiris/ Powetès

Commentaires

Messages les plus consultés