SIMILAK
Yèswa ankò,
M kouri kite nat m te konn dòmi bò lari a
Pyem anfle nan danse bal,
M vòltije kadav 184 lougawou
Mèt peyi yo krible a wòch dife.
Lapli tonbe,
Lavalas la bwote avni nou tout
Li devèsel nan on ravin labou
Kibò ?
Nan on ravin labou.
Kibò ?
Tchuips! Nan bouch leta.
Peyi an paka fè kenn gòl
Nèg yo pran nazon yo Kase de pyel
Okenn abit pa bay fot,
Tout rèl malerèz se patisyon silans,
Sèl ti wout anlè a tounen VAR
Lanmò abiye tout koridò yo,
Ki pridans ou ka fè la ?
Al okipe Cha lapolis kap fè similak,
Menm Jan ak leta,
Tout Cha w wè yo,
Se Cha-Wony !
Beven ©



❤❤❤❤❤❤One love frère🇭🇹🥺
RépondreEffacer