Malè swe
Malè swe
Malè bouke
Malè pa pran souf
nan trennen peyi a
sou twotwa lamizè
ki lari isit
ki pa siyen kadav
lè leta ap fè apèl
ki anmwey isit
ki pa tèt koupe
ki sekou isit
ki pa paralize nan vant
Kanta mwen
m pote sekous lanmou peyi a
nan fon kè m
nan fon je m
pou m rale lespwa nan pla men solèy
Malaba Pitit Plim



Commentaires
Publier un commentaire