SAN KOULE
Espesaylis nan fè mò plen lari
de men peyi m plonje m nan san
Son mak boule, ki plante sou tout kò m.
Anfans bani nan pye peyi m.
Son konsè bal kap sonnen tout jounen.
Kò masakre pèp, lage nan jambe gran lari.
Peyi a tounen yon vye rèv dechire,
lanvi pati tou. Lanvi kouri tou. Lanvi!
Son Matisan kap monte al pran men petyon vil.
Pabò isit, koulè san entèdi w wè nan koulè lajenès.
Pabò isit, tèt koule n derefize pot rèv,
Nanpwen revèy ki pa pot tras vye mak.
Peyi a diw li fou sou tout kòl
Peyi a diw plan men l pran nan ma labou.
Kilès kap di n sa paka fòm peyi ?
Otè, Moïse François
Omaj pou sila yo ki pran nan mak asasen pandan ane 2024 sa!



Commentaires
Publier un commentaire