Leta manjèd rèv




Frèm ak sè m yo,

kite m di n  jan ayopò

s on lanpa tèt

pou leta pyeje lavni. 


Se pa  manti lespwa ap fè

chak nou wè rèv yo k prale 

anba kawoutchou prado

se  konsa menm sa te planifye. 


Timoun yo deboukante lavni

pou twal

Leta manje rèv yo

san rèk 


lotrejou  g on tchovi k degobye

sou channmas la

s a w konnen l di:

Se leta a  menm ki kale m. 


nanpwen potrè n ka penn

pou souflete mizerere

ki fè rasin nan chak twal

timoun yo pote nan laviwonndede.


Cobra's

Commentaires

Messages les plus consultés