DESINEN DEMEN N

 


Depi anvan 1804 nou tap kriye, lavi dwòl.


Anba jouman debwazman mantal metropòl, je bay san, 


Kè te lage nan eseye kache mak rouj 

diyite tap mache pran kou sou kou.


Se ak lide dwa moun sou latè sakre, nou te fè premye pa n.


Lè peyi n te kreye, 
rèl te bay pou pote sou do zepòl nou ki poko menm pran souf,

Chay donnen lespwa apre nofraj tap layite nan vwa n, menmsi nou pot ko kapab, mensi dlo nan  je pat gentan siye.


Jounen jodi lè prezidan ap monte 

Vinn file dwèt, grese pou mèt 

Kè nou tounen tanbou telman lap bat

kè nap sote, sak kap dirije n pa zanmi n vre.

Yap ekzije pri nou pa ka pote 
Sacrifis tounen nouvo sinonim yo banm mete kòm rad pou degize rèl nou pa ka lage

Poutan lè zansèt yo tap defile,  e tonbe tankou 21 kout mouch ,
 yo te toujou rete kwè nan lavi, nan sa linyon  te ka konstwi,
 yo te panse nan m yo te pral vin n goute bèl fraz yo te fòse yo bliye depi sou tè lafrik
Mo libète te desann tankou myèl vinn koule sou tout kò fatige
Yo te semante yo tap bay glwa pou tout pitit kap genyen pou vi n abiye zile a
Se pa t revolisyon piti, se te liberasyon nanm ki tap fèt


 Jounen jodi, nap konstwi pwòp fènwa n. Nou  fennen anba menm men ki sanble n, men kap travay pou menm mèt ke zansèt yo te swadizan bat pou retire traka  yo nan pase nou. Pou te efase soufrans menm mo pa ka repete ni konprann.


Petèt se pou sa zansèt yo pa pale nan kè n


Yo pa revele moun pou yo goumen ankò


Yo konnen byen moun pa batay san lanmou.


Ou ka selman defann e proteje sa ou renmen.


Sa Ki baze sou on kominote 


Sous dlo kontre rasin.


e rasin rive  pote kole pou tout bouch.



Tout nen dwe respire lespwa, ak libète si tè a se li ki donnen fwi poul lonje bay pitit li 


Jodi a rive, pitit move loray kale,  boule san
gè n yo fin n fè tout moun kouri.
gangrèn pran nan kè pitit lalibète menm chè lakay, simbòl lokal yo vle dechèpiye 


Kiyès ki ta di pitit nèg maron ki te bay  tè kote pou yo mache,
 ta retounen nan siyen e pote lòk pou mete chèn nan zye sak sanble yo.


Menm pye n paka foule tout vèn tè nou 



Kap mande chalè ak afeksyon, li menm te gen devwa pote pou nou.



Riyèl vyolans 
Pat dwe detenn sou venn nou,  li pat dwe pote indiferans 
Fè moun vann nanm ak identite peyi manman n.

Sa ki te kanpe pou ramase tout po kase 
Tout kè brize, ki te moutre vyolans limanite, lè li pèdi mounite 


Tras sila kite pote lide lavi  kote nou dwe youn pou tout, tout pou youn,  pa gendwa koule e retounen nan menm fon lanmè kote anpil nan nou te oblije file pou sove devan chèn ki tap tann kou nou, pou li  te 
trangle.
 


Se menm men ki divize a,   se de li nou dwe aprann pou nou  wete malè sou tèt nou,
 si konsyans rive  touche kè, si lasyans lavi rive aktive,  lapli ap tonbe lap netoye tout vye lide.


Menm men sa ka rive fè yo panse ke nou tout se menm 


Ke nap kite lite kont pwòp limyè n, e fè ve blayi limyè nan kè chak grenn nan nou.



Se lè sa fèy yo ap vini ak van an 


Lap pase sou chak mak 


Lap wete tout Chay yo bay 


Depi lontan nap kriye se vre 
Men nou pap bouke ri jou bèl jou sa rive.
na va chante, simayen lajwa ki va kouvri nwaj fènwa n.


e fè tout lanati revolte 
e fè li oblije kanpe bò kote sa nanm nou kap  limen, komanse fè reveye.



Pou jwèt malouk nap sibi  a kraze


Fòk konsyans lan li mache tout bon 

Fòk nou montre menm si gen kriye, menm si gen soufrans nou fenk komanse trase,  e kreye rout lib ansanm.


e pwodwi nouvo chapit kap fè limanite tremble 


E sonje peyi sa se li ki pote mak libète sou dol.



Tout revolution pa fèt menm jan 
Pan nan ap ouvri tout pòt memwa, fè yo gide,  lavi tout tras defensè kolon,  pitit abi kap simayen foli pou detwi tout rèv lanati.


Pa n lan te fèt deja, e lap refèt, e lè sa menm yo menm ap temwanye pou di, sa yo pat wèl vre!  Nou ka kriye vre, men nou pap neye.



Mileva Roumer


Commentaires

Messages les plus consultés