DÈNYE KRI




 Tankou yon dènye tanpèt


mwa novanm


pou lasirèn pran batèmdefe l 


peyi a pote m ale 



lapè m mèg ata nan nanm li 



sou kalandriye chak nouvo jou


lanmò m ekri an gra


se kouri m kouri pou lonbray mwen


pa teke m 



peyi a bouke souri nan lanvè venn li


plis pase senkant fwa


Ayiti Toma sèmante 


wouj se koulè prefere l 



Lè peyi a rale tete goch li


tout zetwal ki gade l nan je 


mouri mò madichonnen 



Smeev Jerry

Commentaires

Messages les plus consultés