BRA KASE
Peyi a lou pase lannuit.
dlo zye k ap koule
san k trayi kò pou gangans kanivo
pyeje somèy timoun pase blag lougawou
peyi a lou.
makòn masak ki mare sou lavi n
tòde kou, kofre rèv
kraze senti lespwa n
nou mache tou kwochi.
labim pèdi fon nan gade n k ap koule
se de bra pandye
n ap fòse pote
yon peyi k ap kapote.
yon peyi k lou pase lannuit
CARl. Henry. BURIN



Bon travay👏👏
RépondreEffacer